Otorite antikite Ejipt yo devwale yon chanm yo fek sot dekouvri andedan youn nan Gran Piramid Giza yo, ki sitye andeyò vil Ker.
Yo te dekouvri l gras ak teknoloji moden ki pemet yon skane struktu a. Li mezire 9 met de longe. Chanm lan preche sou tet antre prensipal Piramid Khufu a ki se pi gwo piramid la. Se gras ak pwoje Skane Piramid yo, yon pwogram entenasyonal ki egzaminen seksyon ansyen estrikti a ke yo poko janm eksplore ke yo jwenn nouvo chanm sa a.
Ekspe yo pa konnen pou ki rezon koridò sa a te egziste. Devwalman an fet Jedi.
Piramid Khufu a date de 26em syek anvan nesans Jezikri. Se Khufu, yon farawon ( kidonk wa) ki te jere peyi a pandan 4em Dinasti a ki te fe konstwi l.