Accessibility links

Breaking News

Lajistis Ameriken Mande yon Jij Mete 25 an Anplis Sou Santans R. Kelly a


R Kelly Marriage Lawsuit
R Kelly Marriage Lawsuit

CHICAGO (AP) — Lajistis federal mande yon jij pou l ajoute 25 an sou santans chantè R. Kelly ki nan prizon anba kondanasyon deske te entegre timoun nan pònografi.

Avoka gouvenman kap jere dosye a te depoze rekòmandasyon pou ajoute 25 ane sou santans chantè jedi nan tribinal, sa pral ajoute sou santans 30 an yon lòt jij federal te enpoze anvan nan yon dosye New York yo gen kont chantè a.

Chante a ki gen 56 zan ap elijib pou soti poul soti nan prizon avan lè, lè li rive 100 an si jij la dakò ak 2 santans sa.

Gouvènman an mande pou Kelly kòmanse sèvi santans li nan Chicago apre vèdik sou santans li nan New York.

Kondanasyon Kelly a pwograme pou semèn pwochèn.

Avoka li yo di nenpòt santans ke kliyan li jwenn ki depase 30 ane ta ka monte tankou yon santans poul pase tout lavi nan prizon.

XS
SM
MD
LG