Accessibility links

Breaking News

Arabi Saoudit: Ronaldo Make 4 Gòl Pou Bay Ekip Li Viktwa Kont Al Wheda FC


Cristiano Ronaldo saat bersanding dengan Saeed Al-Mowalad dari Al Ettifaq. (Foto: REUTERS/Ahmed Yosri)
Cristiano Ronaldo saat bersanding dengan Saeed Al-Mowalad dari Al Ettifaq. (Foto: REUTERS/Ahmed Yosri)

Cristiano Ronaldo bay ekip Al Nassar viktwa konte ekip l-Wehda (4-0) Jedi nan Lamèk, li fè 4 gòl pou ekip li, yon viktwa ki pèmèt klèb li al-Nassr reprann tèt chanpyonan a devan nan peyi Arabi Saoudit .

CR7 make 4 gòl youn nan 21yèm, 40yèm, 53yèm sou (penalite) e 61yèm minit, Kounyea Pòtigè a gen plis pase 500 gòl (503 kounye a) ke li fè avèk klèb pandan karyè li kote li te jwe nan plizyè peyi pami yo (Pòtigal, Angletè, Espay, Itali Kounya nan Arabi Saoudit). Arabi).

Vandredi pase a sipèta ki gen 38 an, te make premye gòl li ak nouvo ekip li sou penalite nan tan adisyonèl (90 + 3), kote li te egalize a 2-2 pou ekip li sou teren Al Fateh nan chanpyona lig la.

Ronaldo te fè yon kraze kite sa ak ekip Manchester United la nan kòmansman Mondyal 2022 a apre mondyal la li te siyen jiska jen 2025 ak ekip Al Nassar a yon kontra ki estime a 200 milyon euro.

CR& ale Arabi Saudit sa fè pati de dezi wayòm nan pou atire atansyon sou chanpyona foutbòl ki gen nan peyi, alòske vwazen li Kata fèk fin òganize koup du mond 2022 a.

XS
SM
MD
LG