Accessibility links

Breaking News

Joe Biden te Pale Ak Nasyon An Madi Swa


Prezidan Joe Biden pwononse diskou sou Eta Inyon an devan yon sesyon konjwen Kongre Etazini nan Washington, 7 Fevriye 2023.
Prezidan Joe Biden pwononse diskou sou Eta Inyon an devan yon sesyon konjwen Kongre Etazini nan Washington, 7 Fevriye 2023.

Prezidan Joe Biden te pale devan 2 chanm Kongrè-yo reyini madi swa, sou Eta Nasyon-an, kote tansyon ak LaChin te parèt klè apre sa ke Etazini te sispèk kòm yon balon espyon chinwa te attire atansyon ni palmantè-yo ni Ameriken òdinè-yo.

San pale de balon-an dirèteman, Biden te chache rebay Ameriken-yo konfyans, pandan li voye yon mesaj bay LaChin.

Mwen pran angajman pou-m travay ak LaChin kote sa ka fè vanse enterè Etazini ak mond la. Men pa twonpe-nou : Jan nou te moutre klè semèn pase-a, si LaChin menase souverènte nou, n-ap aji pou pwoteje peyi nou. E nou te fè-l.

Samdi a, yon avyon konba djèt ameriken te desann balon-an etan anlè-a sou Oseyan Atlantik sou kot Kawolin di Sid.

LaChin kalifye aksyon Etazini ki desann balon chinwa-a kòm « inakseptab” e li di balon-an pa merite gwosè reyaksyon sa-a.

Kèk Repibliken kritike Biden poutèt li pa-t bay lòd pou desann balon-an pi bonè lè-l t-ap travèse peyi-a.Yo ka te vle yon pozisyon pi djanm kont LaChin, tankou Michael Kugelman nan Sant Wilson-nan te di LaVwadlamerik.

“Konsa, li pa-t pran yon pozisyon brital, yon pozisyon kòk batay. Li te kite ouvè yon espas pou antant, e mwen pa vrèman panse ke palmantè sa-yo ki te vle yon pozisyon pi agresif t-ap satisfè ak sa li di nan diskou-a. »

Lagè LaRisi nan Ikrèn nan-tou te yon gwo pwen nan diskou Biden nan. Etazini angaje-l pou voye plis pase 27 milya dola asistans bay Ikrèn. Biden deklare envazyon Prezidan ris Vladimir Putin-nan, sa gen yon lane, sete yon tès ke Etazini pase.

“Nou ini l-OTAN e nou moute yon koalisyon mondyal. Nou te kanpe ak pèp Ikrèn nan. Aswè a, yon lòt fwa ankò nou te jwenn ak anbasadè Ikrèn nan Etazini-an. Li reprezante pa sèlman nasyon-li, men kouraj pèp li. »

Kèk Repibliken gen dout sou èd militè pou Ikrèn nan, men pat gen sa lè Repibliken-yo nan Chanm-nan, pami yo lidè Chanm Depite Kevin McCarthy, te sanble sipòte ak fòs pawòl Biden yo.

“Fòk mwen di, mwen te wè plis sipò bò kote palmantè Repibliken-yo lè-l t-ap pale de Ikrèn, sitou nan moman kote li te di, ‘Nou la toutotan sa nesesè’. Se yon bagay nou te tande Pati Repibliken-yo repouse sitou, kote yo di yo pa pwal voye yon chèk an blan bay Ikrèn. »

Apa de lagè Ikrèn nan ak yon « vire sou Azi » ke li t-ap planifye depi lontan, Prezidan Biden ap prepare premye vizit yon prezidan ameriken nan Afrik anba Sahara-a depi 2015.

XS
SM
MD
LG