Accessibility links

Breaking News

Wo Komisyonè Nasyonzini pou Dwa Moun pral Vizite Ayiti


VENEZUELA-DDHH
VENEZUELA-DDHH

Wo Komisyonè Nasyonzini pou Dwa Moun pral fè yon vizit ofisyèl ann Ayiti nan fen semèn nan. Peyi a plonje nan yon gwo kriz politik ki gen enpak sekiritè akoz zak vyolans gang yo.

Volker Türk planifye pou rankontre nan Pòtoprens ak ofisyèl gouvènman yo, men tou ak reprezantan sistèm jidisyè a, òganizasyon sosyete sivil la ak viktim vyolasyon dwa moun.

Türk gen pou vwayaje tou nan nò peyi a, sou fwontyè Ayiti genyen ak Repiblik Dominikèn nan.

Vizit sa a ki pwograme Mèkredi pou rive Vandredi maten, se yon vizit wo nivo nan moman Ayiti anrejistre yon nivo vyolans ki san parèy akoz aktivite gang yo. Semèn pase a plis pase 2 douzèn polisye pèdi lavi yo.

An 2022, Nasyonzini te anrejistre 1,359 ka kidnapin ak plis pase 2,000 ka asasina nan peyi a, yon tyè plis pase ane 2021 an.

Gang yo vin pi pwisan, e Ayiti plonje nan yon vid enstitisyonèl: akoz pa gen eleksyon ki òganize nan peyi a depi ane 2016, peyi a pa gen okenn reprezantan eli nan nivo nasyonal.

Epi plis pase yon ane edmi apre asasina Prezidan Jovenel Moïse, lajistis ayisyen toujou ap lite pou avanse ankèt la: pa gen okenn nan 40 moun yo arete kòm sispè nan dosye a ke lajistis akize.

XS
SM
MD
LG