Accessibility links

Breaking News

Gwo Dife Pran nan Rak Bwa Peyi Chili


CHILE-FIRE/
CHILE-FIRE/

Ponpye t ap goumen ak dè douzèn dife rak bwa nan peyi Chili dimanch, pou chache kontwole youn nan pi move dezas natirèl ki frape peyi a depi dèz ane, e bilan moun ki mouri moute rive nan 24 pou pi piti ak prèske mil lòt blese.

Èd entènasyonal te gen pou rive dimanch, kote kèk peyi pwomèt resous, antwòt avyon ak ekip ekspè ponpye, pandan pi move dife yo devore forè ak tè jaden nan 3 rejyon ki toupre mitan liy kot Pasifik peyi-a ki long anpil.

Gouvènman Prezidan Gabriel Boric pibliye deklarasyon ijans pou rejyon Biobio, Nuble ak Araucania pou akselere sekou nan rejyon sa-yo ki sitou riral.

Dife ravaje yon afè 270-mil ekta, dapre sa otorite-yo di dimanch, kidonk yon espas ki apeprè gwosè eta Rhode Island nan nòdès Etazini.

Prèske mil-500 moun jete kò-yo nan abri ki nan zòn nan.

Otorite yo di gen asistans k ap soti anvan lontan nan peyi tankou Etazini, Ajantin, Ekwatè, Brezil ak Venezuela, e ke gen yon ekip espesyalis ki kite Espay dimanch.

XS
SM
MD
LG