Accessibility links

Breaking News

Kanada Deplwaye Avyon Militè An Ayiti


HAITI-AID-SECURITY-CANADA
HAITI-AID-SECURITY-CANADA

5 fevriye (Reuters) - Gouvènman Kanadyen an anonse dimanch ke li te deplwaye yon avyon militè an Ayiti pou eseye deranje aktivite gang nan peyi a.

Kanada fè konnen nan yon deklarasyon se yon fason pou kore travay Polis Nasyonal Dayiti. Kanada deplwaye yon avyon patwouy CP-140 Aurora alontèm Royal Canadian Air Force (RCAF) pou reponn ak demann Ayiti fè pou l bay sipò nan moman vyolans kontinye ap ogmante nan peyi a.

Gang ayisyen yo vin pi pwisan nan peyi a depi asasina Prezidan Jovenel Moise an 2021.

Vyolans ke yo tap menen te lakòz anpil moun kite plizyè teritwa ke gang yo vin okipe, men polis nasyonal la pa kapab kontrekare ak gang yo.

Premye Minis Ariel te mande pou kominote entènasyonal ba li ranfò, pou voye yon fòs entènasyon pou vin ede batay kont gang yo.

Ayiti ta dwe sou ajanda mwa pwochen nan moman ke Prezidan Ameriken Joe Biden pral rann yon vizit kay vwazen li Kanada.

Avyon patwouy Kanadyen an pral bay entèlijans, siveyans, e li pral fè yon travay rekonesans pou ranfòse efò yap fè pou etabli ak mentni lapè nan rejyon an.

XS
SM
MD
LG