Accessibility links

Breaking News

LeBron James sou Wout pou l Vinn Pi Gwo Sipèvedèt Mond Spòtif la


Foto Achiv: LeBron James pran la pawol nan seremoni ouveti lekol i Promise la nan vil Akron eta Ohio, Lendi 30 Jiye, 2018.
Foto Achiv: LeBron James pran la pawol nan seremoni ouveti lekol i Promise la nan vil Akron eta Ohio, Lendi 30 Jiye, 2018.

Supèvedèt Basketbòl Ameriken LeBron James sou wout pou li fè listwa kòm jwe ki make plis pwen nan NBA a - lig nasyonal basket Etazini an.

Sepandan, malgre tout sa li rive akonpli sou teren baskèt la, se pousuit James andeyò de spò a ki ka mete li apa de lòt gran atlèt yo.

James ko-fonde yon konpayi amizman ki envesti nan plizye ekip pwofesyonèl bezbòl ak foutbòl. Li fè piblisite pou plizye pwodui tou. Tout sa mete vale li a plis pase $1 milya.

Akonplisman andeyo baskètbòl ke James di fe li santi li pi fyè, se travay lap fè pou amelyore lavi sitwayen defavorize yo nan vil natal li, Akron, nan eta Ohio.

Anpil atlèt ap fe bèl mèvèy nan youn ou 2 domèn sa yo. Sepandan pa gen anpil atlèt ki fe l osi byen ke James.

XS
SM
MD
LG