Accessibility links

Breaking News

VP Kamala Harris Pwal Asiste Fineray Tyre Nichols


People protest after the death of Tyre Nichols in Memphis
People protest after the death of Tyre Nichols in Memphis

Vis-Prezidan Etazini Kamala Harris ak lidè dwa sivik Reveran Al Sharpton pwal pami moun ki ap asiste jodi mèkredi a fineray Tyre Nichols, ki mouri mwa sa a apre lapolis te bat li byen bat, yon aksyon ki, yon fwa ankò, atire atansyon sou britalite lapolis.

Manman Nichols, RowVaughn Wells, ak bòpè li Rodney Wells, te envite Harris nan sèvis la nan Legliz Kretyen Boulva Mississippi nan Memphis, Tennessee. Harris te rele fanmi an nan telefòn madi pou prezante kondoleyans li.

« Pwoblèm move konpòtman lapolis k ap pèsiste nan Etazini, e k ap sèvi ak twòp fòs sou sivil, sa dwe fini kounyea menm, » se sa Harris te di nan yon kominike vandredi a, menm jou lapolis te pibliye video sou lè lapolis te rete Nichols 7 Janvye pase, kote li te jwenn lanmò li.

Pastè Al Sharpton gen pou li fè diskou fineray la. Li te reyini ak fanmi an madi swa nan Tanp Mason Legliz de Dieu an Kris nan Memphis, kote Pastè Martin Luther King Jr te bay dènye diskou li nan lannwit anvan li te mouri asasinen an 1968.

« Sa se yon tè sen. E fanmi sa a se fanmi nou kounyea e yo antre nan listwa, » se pawòl Sharpton.

5 ajan polis Nwa jwenn revokasyon yo pou lanmò Nichols ki li menm tou te Nwa.

XS
SM
MD
LG