Accessibility links

Breaking News

Ensidan Britalite Lapolis nan Memphis Soulve Kòle, Apèl pou Chanjman


Manifestan mache sou yon pon Vandredi 27 Janvye 2023, nan vil Memphis eta Tennessee.
Manifestan mache sou yon pon Vandredi 27 Janvye 2023, nan vil Memphis eta Tennessee.

Videyo ki montre lapolis vil Memphis, eta Tennessee ap bat yon jèn nwa ki rele Tyre Nichols se yon bagay ki difisil pou gade.

Imaj yo raple Ameriken echèk jefo pou anpeche zak britalite lapolis sibi plizye fwa.

Sa gen 32 zan desa, atak lapolis vil Los Angeles kont yon nwa ki te rele Rodney King te deklanche apèl pou refom.

Sepandan sèn britalite sa yo repete plizyè fwa, e lapolis touye 3 moun pa jou depi ane 2020.

Polisye vil Memphis ki bat Nichols - ki te mouri pi ta akoz blesi li yo - jwen revokasyon yo e yap fè fas ak akizasyon lajistis pou asasina. Chèf polis la kraze tou - inite yo a ki te rele Scorpion.

Sepandan militan yo di si pa yon yon chanjman nan kilti lapolis la pou vrèman vre yo pap janm atèn sekirite ak libète moun nwa yo Ozetazini ap mande a.

XS
SM
MD
LG