Apre LaChin fin rapòte, mwa sa a, ke popilasyon li redui pou premye fwa depi 60 lane, kè ekspè di End ka déjà gen plis moun pase LaChin.
Tou le 2 peyi-yo gen apeprè 1 milya 400 milyon moun. Pandan popilasyon LaChin koumanse redui pi bonè ke ekspè yo te prevwa, popilasyon End pwal kontinye grandi pandan 3 lòt dizèn lane. Men sa ki pi enpòtan, pandan popilasyon LaChin ap vyeyi kounyea, preske mwatye Endyen pako gen 25 an.
Sa reprezante yon opòtinite pou End tire yon benefis ekonomik, men dapre kèk ekspè, sa pwal depann anpil de jan peyi a ranje kò li pou li benefisye nan kokenn popilasyon li ki nan laj pou travay. Gen chif ki prevwa ke End ka tounen 3èm pi gran ekonomi nan mond la distans pou rive an 2030.