Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Fòs Ris yo Kontinye Ofansiv yo


UKRAINE-CRISIS/POLAND-MILITARY
UKRAINE-CRISIS/POLAND-MILITARY

Dirijan militè nan Ikrèn fè konnen vandredi fòs ris yo ap kontinye yon ofansiv kote yo ensiste sou bezwen pou loksidan ba yo plis zam.

Otorite lokal yo rapòte gwo bonbadman nan rejyon nò, nòdès ak lès Ikrèn.

Nan diskou kote li pale ak nasyon an chak jou, Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy eksprime jedi rekonesans li daprezavwa gen plis peyi ki pwomèt zam avanse, antwòt tank, e an menm tan li mete presyon pou peyi yo prese voye zam ke yo pwomèt yo.

LaRisi lanse nouvo atak misil sou plizyè lokalite nan Ikrèn jedi, kote 11 moun pèdi lavi e 11 lòt blese, dapre sa otorite yo rapòte.

Sèvis Dijans Leta Ikrèn di atak yo frape 11 rejyon nan tout peyi a. Avyasyon Militè Ikrèn fè konnen LaRisi tire 55 misil, kote Ikrèn di li desann pifò nan yo. 35 bilding sibi dega nan atak yo.

XS
SM
MD
LG