Accessibility links

Breaking News

Sekretè Trezò Etazini Janet Yellen ap Vizite peyi Zanbi


U.S. Treasury Secretary Janet Yellen speaks at the launch of the Zambia National Public Health Institute offices in Lusaka, Jan. 23, 2023. (Kathy Short/VOA)
U.S. Treasury Secretary Janet Yellen speaks at the launch of the Zambia National Public Health Institute offices in Lusaka, Jan. 23, 2023. (Kathy Short/VOA)

Sekretè Trezò Etazini Janet Yellen nan peyi Zanbi kounyea nan 2èm etap yon vire-won ann Afrik, yon eskal ki vize pouse envestisman ak relasyon Etazini nan peyi a pandan li nan kapital la Lusaka, kote li klè ke se dola chinwa ki domine.

Vizitè yo te ateri nan Aewopò Entènasyonal Kenneth Kaunda ke responsab yo te remete tou nèf e laji an 2015 ak finansman chinwa. Delegasyon an te sikile nan vil la kote yo te wè ansèy tou nèf ki pote mak chinwa, sa ki plis moutre enfliyans LaChin.

Men kwasans ke peyi a ap viv la mache ak yon gwo dèt. Zanbi te preme peyi ann Afrik ki pa te reyisi peye dèt li nan epòk pandemi an, lè li pa te fè yon peman 42 milyon 500,000 dola an Novanm 2020. Negosyasyon ap kontinye ak LaChin sou dèt sa a.

Janet Yellen pwal pale sou kesyon an lè li rankontre ak prezidan ak minis finans Zanbi a nan efò pou wè si Chinwa yo ta kontinye fè negosyasyon sou dèt la.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG