Accessibility links

Breaking News

Somè Afrik: Etazini Pran Yon Angajman 55 Milya Dola Anfavè Kontinan Afriken an


USA-AFRICA/BIDEN
USA-AFRICA/BIDEN

Prezidan Etazini Joe Biden mete fen nan somè li ak 50 lidè afriken, nan ensiste sou gwo angajman administrasyon li a pou Afrik, e li ekzòte lidè-yo sou kontinan-an pou yo respekte volonte pèp-yo, e li di li ka al vizite yo.

Lidè yo nan Somè Etazini-Afrik la te fini somè a jedi ak koutwazi, 55 milya dola angajman Etazini, ak yon pawòl Biden:

“Tankou m te di nou – nou te envite m nan peyi nou. Kalkile byen sa nou vle, paske mwen ka ale vre. Fanmi pòv toujou al vizite.

Moun rich yo pa janm prezante. Pòv yo vini e manje manje-nou e rete fè plis tan pase sa nou te vle. Eben m espere wè anpil nan nou nan peyi lakay nou. »

Li pa bay detay sou posib vwayaj la.

Yon blag komik lè l soti nan bouch lidè youn nan nasyon ki pi rich yo, ki te anonse, mèkredi, yon asistans 55 milya dola pou yon kontinan Ki ap lite ak ensekirite alimantè, inegalite ak yon eritaj sistèm kolonyal-la ki fè yo soufri anpil.

An piblik, Biden afime sipò pou gen plis reprezantan nasyon afriken nan gwoup G20 an ak nan Konsèy Sekirite l-ONU-an – pandan li pa bliye defo lidè yo.

XS
SM
MD
LG