Accessibility links

Breaking News

Wes Moore Prete Sèman Kòm Premye Gouvènè Nwa eta Maryland


Gouvene eta Maryland Wes Moore selebre apre li prete seman kom 63em gouvene eta Maryland e premye gouvene nwa eta a, 18 Janvye 2023.
Gouvene eta Maryland Wes Moore selebre apre li prete seman kom 63em gouvene eta Maryland e premye gouvene nwa eta a, 18 Janvye 2023.

Wes Moore prete sèman kòm premye gouvènè nwa eta Maryland.

Demokrat la, ki gen 44 an, sèmante Mèkredi pou l travay pou gen plis enklizyon ak egalite ekonomik nan eta a.

Li deklare li gen ide odasye pou amelyore sistèm edikasyon an, konbat krim epi chanjman klimatik.

Moore te asiste yon seremoni tou kote li te depoze yon jèb flè sou pon vil Annapolis la, kote esklav yo te debake nan tan lontan.

Se vedèt televizyon Oprah Winfrey ki te prezante Moore anvan diskou envestiti li. Winfrey di "Wes Moore se yon nèg kap travay pou pèp la depi li vin granmoun e li gen anpil bagay pou fè nan lavni. Misye fèk komanse rale."

XS
SM
MD
LG