Accessibility links

Breaking News

Snoop Dogg, Gloria Estefan, Sade Se Kèk Pami Atis Mize Pi Gran Konpozitè yo pral Onore


Foto Konbinezon: Snoop Dogg (a goch), Gloria Estefan epi Sade.
Foto Konbinezon: Snoop Dogg (a goch), Gloria Estefan epi Sade.

Atis Snoop Dogg, Gloria Estefan, Sade, Jeff Lynne, Glen Ballard, Teddy Riley ak Liz Rose se moun yo chwazi pou onore nan Mize Pi Gran Konpozitè Mizik yo - Songwriters Hall of Fame.

Nan gwoup la nou jwen atis ki konpoze chante ikonik tankou: "Man In the Mirror," "Drop It Like It's Hot," epi "Rhythm Is Gonna Get You."

Yo pral onore gwoup 7 atis ki fè pati "klas 2023 a" pandan yon gala 15 Jyen kap vini an nan otèl Marriott Marquis vil Nouyok la.

Pami hit Snoop Dogg yo, nou jwen: "Drop It Like It's Hot" epi "Gin and Juice".

Snoop va rejwenn rapè Missy Elliott ak Jay-Z nan mize a.

XS
SM
MD
LG