Accessibility links

Breaking News

Chanm Depite: Repibliken yo Adopte yon Seri Nouvo Regleman Entèn


Kevin McCarthy is elected next Speaker of the U.S. House of Representatives at the U.S. Capitol in Washington
Kevin McCarthy is elected next Speaker of the U.S. House of Representatives at the U.S. Capitol in Washington

Chanm Depite Etazini an ke Repibliken yo kontwole adopte lendi yon seri regleman entèn ki bay depite liy-du yo plis pouvwa sou nouvo lidè ke chanm nan fèk eli, Kevin McCarthy.

Palmantè yo vote 220 vwa pou ak 213 vwa kont pou apwouve pwojè-lwa a. Yon Repibliken, Depite Tony Gonzales, te mete ak Demokrat yo pou vote kont nouvo regleman yo. Yon lòt Repibliken pat vote.

Seri regleman sa yo, ki pwal gouvène operasyon Chanm nan pandan 2 lane k ap vini yo, te reprezante yon tès bonè sou kapasite McCarthy pou li kenbe caucus Repibliken an ini, apre li te fin sibi imilyasyon nan 14 vòt kote li te echwe, semèn pase a, anvan li te finalman pase kòm lidè chanm nan samdi a.

Demokrat yo denonse pwojè-lwa a kòm yon seri regleman pou « ekstremis MAGA yo, » kidonk sa yo ki gen slogan Fè Etazini Gran Ankò a, ki ta anfavè konpayi rich yo e kont travayè yo e mete plis retriksyon sou sèvis dilatasyon pou medam yo.

XS
SM
MD
LG