Accessibility links

Breaking News

Senegal: 40 Moun Mouri, Plizyè Lòt Blese nan Yon Aksidan Bis


SENEGAL-ACCIDENT
SENEGAL-ACCIDENT

DAKAR, Senegal (AP) — Prezidan Senegal Macky Sall di ke 2 otobis te fè kolizyon nan sant peyi e dapre done li genyen gen omwen 40 moun ki pèdi lavi yo ak plizyè douzèn lòt ki blese.

Dapre yon Tweet Prezidan Macky Sall te fè kolizyon sa a te fèt nan vilaj Gniby nan rejyon Kaffrine.

Prezidan an te deklare 3 jou dèy nasyonal ki kòmanse jodi lendi a e li pral òganize yon konsèy entè-ministeryèl pou diskite sou mezi yo dwe pran pou sekirite wout yo.

Aksidan an te fèt a 3:30 nan maten dimanch sou wout nasyonal No. 1 lè yon bis piblik te gen yon kawotchou ki pete epi chofè a te pèdi kontwòl l bis la sou wout la.

Li te al fè kolizyon ak yon lòt otobis ki tap soti nan direksyon opoze a.

Omwen 78 moun blese e gen ladan yo kèk ka ki grav.

XS
SM
MD
LG