Accessibility links

Breaking News

Yon Ameriken Egzekite 7 Manm Fanmi li, Komèt Swisid


Eight Dead Utah
Eight Dead Utah

Nan eta Utah Ozetazini nan vil Enoch City otorite lokal yo anonse jedi a, ke yon nonm ki gen 42 an te touye 7 moun nan fanmi l.

Pami viktim yo gen 5 pitit li, madanm li, bèlmè, e apre sa li komèt swisid.

Nan yon kominike pou laprès, responsab yo devwale ke dapre premye eleman ki soti nan ankèt la "sispèk la te touye tèt li apre li te touye 7 lòt moun ki te nan kay la".

Lapolis te dekouvri kadav yo Mèkredi apremidi apre on moun te rele pou mande yo pou yal tcheke sou kòman fanmi an ye.

Se lè sa a, otorite yo ta pral dekouvri 8 kadav yo. Yo tout te gen evidans ke yo te "blese ak bal".

Laj 5 timoun yo te ant 4 ak 17 an.

Non sispè a se Michael Haight. Li te tou touye madanm li ki gen 40 an ak bèlmè li ki ge 78 an.

Enoch City se yon ti vil ki gen anviwon 7,000 abitan, e li sitiye nan sidwès Utah, a plis pase 4 èdtan ak Salt Lake City.

Gouvènè Repibliken Utah Spencer Cox te pibliye yon mesaj sou Twitter e li mande pou yo lapriye pou rezidan vil la.

XS
SM
MD
LG