Accessibility links

Breaking News

Moskou Di Atak Wòkèt Ikrenyen Touye 63 Sòlda Ris


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Ministè Defans Larisi a di 63 nan sòlda pèdi lavi yo nan yon atak ke Ikrèn te fè sou yon etablisman nan rejyon lès Donetsk kote pèsonèl militè ris yo te estasyone.

Fòs Ikrenyen yo te tire 6 wokèt soti nan fize HIMARS e ris yo te rive devye 2 nan yo dapre yon deklarasyon ministè defans Ris la te fè Lendi.

Atak sa yo te sèvi ak zam presizyon Etazini te bay, ki pèmèt fòs Ikrenyen yo frape sib kle yo.

Pandan se tan, Larisi te deplwaye plizyè dron ki te fè lòt atak nan mitan lannwit sou Ikrèn, dapre sa ofisyèl yo te di Lendi.

XS
SM
MD
LG