Mwayen Oryan
Putin Byen Akeyi Retou Netanyahu Nan Tèt Izrayèl pranm li eksprime Volonte pou Larisi Ranfòse Koperasyon ak Eta Ebre a

Nan yon deklarasyon Prezidan Ris Vladimir Putin fè jedi 29 desanm 2022 a, li bat bravo pou retou Benjamin Netanyahu nan tèt gouvènman Izraelyen an kòm premye minis , e li di ke li vle ranfòse kowoperasyon ant 2 peyi yo "nan tout domèn".
Prezidan Putin te di "Mwen espere nouvo gouvènman an anba lidèchip ou a pral kontinye travay pou ranfòse kowoperasyon Ris-Izrayèl nan tout domèn pou benefis pèp nou yo, nan enterè peyi nou e asire lapè ak sekirite nan rejyon Mwayen Oryan an".
"Nan peyi Larisi, nou apresye anpil kontribisyon pèsonèl ou , e nou apresye ranfòsman relasyon amikal ant peyi nou yo ki la depi lontan. Plizyè fwa nan lepase, Mesye Netanyahu toujou di , lidè ris la se yon "zanmi".
Apre kòmansman operasyon militè Ris la nan Ikrèn nan mwa fevriye ane sa a, pèp Izrayèl la te adopte yon pozisyon pridan anvè Moskou, kote yo t ap chèche kenbe netralite nan dosye a .
See all News Updates of the Day
- Ekip Sèvis Kreyòl VOA
VOA Kreyol sou Plas an Irak pou 20 Anivèsè Envazyon Fòs Koalisyon an Irak
20 mas 2003 –20mas 2023 sa fè 20 tan depi yon fòs koalisyon anvayi peyi Irak e dechouke lidè irakyen an Saddam Hussein. Nou gen sou plas nan vil Baghdad, Philip Crowther.
- Jean Robert Phillipe
Etazini Komemore Anivèsè Envazyon Irak la
20 Mas 2023 make 20yèm anivèsè envazyon Etazini nan Irak. Poukisa Etazini te anvayi peyi sa a, e kisak te rezilta a? Jean Robert Philippe gen detay.
20 An Apre Envazyon Ameriken an, Jèn Irakyen yo Wè Siy Espwa

Iraq jodia pa sanble ditou ditou peyi ke Etazini te anvayi sa gen 20 an sa, pou wetire Saddam Hussein sou pouvwa a.
Yon nouvo jenerasyon paka tann pou ekate li ak tradisyon divizyonis pase a epi geri divizyon ki egziste yo.
Nan plizyè douzèn entèvyou Associated Press fè mwa sa a nan vil Baghadad pou rive Fallujah, jèn Irakyen yo deplore enstabilite ki te suiv dechoukay Saddam nan ak okipasyon an.
Men pi fò nan yo di lagè a nan le pase e yo gen espwa dèske libète ak opòtinite yo genyen kounyea pral ede yo fè rèv yo tounen reyalite.
Yon Gwo Zotobre Iranyen Vizite Peyi Emira Arab Ini yo

Prezidan Emira Arab Ini, Sheikh Mohammed bin Zayed, resevwa jedi Ali Shamkhani ki se Sekretè Konsèy Siprèm Sekirite Nasyonal peyi Iran. Vizit sa fèt pou make rapwòchman diplomatik ki fèt ant peyi Iran ak Arabi Saoudit.
Dapre ajans ofisyèl Emirati WAM, 2 mesye yo te pale sou « relasyon ant 2 peyi yo ak fason yo kapab kolabore nan plizyè domèn diferan».
Otorite wo-plase Iran an te rankontre tou ak konseye sekirite nasyonal Emira yo, Sheikh Tahnoun bin Zayed.
Nan rankont li ak prezidan Emira yo, Ali Shamkhani te afime ke 2 peyi yo ka "fè gran pa nan devlopman koperasyon antre yo e nan diplomasi” ki konsène rejyon an.
Gwo zotobre Iranyen an te negosye nan Peken semèn pase a akò ki pèmèt Iran retabli relasyon diplomatik ak Arabi Saoudit, apre 7 lane kote relasyon yo te kraze.
Riyad ak Teheran te fè yon kite sa nan relasyon diplomatik an 2016 apre manifestan nan Iran te atake misyon diplomatik Arabi Saoudit apre yo te ekzekite yon relijye chiyit nan Arabi Saoudit.
Iran ak Arabi Saoudit Antann Yo Pou Yo Retabli Relasyon Diplomatik Antre yo

Iran ak Arabi Saoudit antann yo vandredi pou yo retabli relasyon diplomatik antre yo e re-ouvè anbasad yo apre dèz ane tansyon ant 2 peyi yo, ki te gen antwòt yon atak ki te fè gwo dega nan kè pwodiksyon petwòl nan wayòm nan e ke yo te lage sou do Teheran.
Antant la ki te fèt nan Peken, an Chin, semèn sa a, nan yon seremoni ki te dewoule nan Kongrè Popilè Nasyonal la, reprezante yon gwo viktwa diplomatik pou Chinwa yo pandan peyi arab yo nan Gòlf la wè kòmkwa, dapre yo, Etazini ap wete kò li tou dousman nan Mwayenn Oryan an. Sa fèt tou nan moman diplomat ap chache mete fen nan yon gè ki la nan Yemen depi plizyè lane, yon konfli kote Iran ak Arabi Saoudit antre byen fon e kanpe rèd sou pozisyon yo.
2 peyi yo pibliye yon kominike an komen sou antant la ansanm ak LaChin ki sanble te travay pou fè sa rive. Medya leta chinwa pa te rapòte akò a touswit.
Medya leta nan Iran moutre imaj ak video ki te fèt an Chin, dapre sa yo di, ki moutre reyinyon an. Yo moutre Ali Shamkhani ki se sekretè konsèy Sekirite Nasyonal Siprèm Iran, ak konseye sou sekirite nasyonal Arabi Saoudit, Musaad bin Mohammed al-Aiban, ak Wang Yi, ki se diplomat ki pi wo-plase an Chin.
Wang di, « tou le 2 pati yo moutre yo sensè. » Li ajoute, « LaChin sipòte ak tout kè li antant sa a. »
Facebook Forum