Sou yon peryòd 5 an ki sot pase, gen plis pase 7,000 ka timoun ki poko gen 6 an, ke yo jwenn ki konsome Marijuana. Rapò sa yo te al jwenn sant kontwòl pwazon nan peyi Etazini an.
Etid sa a, kite pibliye Madi te jwenn prèske yon ka nan timoun yo te oblije entène lopital, e anpil nan yo vin tonbe malad grav.
Moun ki te fè etid la mande paran yo pou yo pran anpil prekosyon nan fason yap sere sirèt, chokola ak bonbon lakay yo. Yo konseye pou yo sere yo yon kote ke timoun yo pa ka gen akse ak yo.