Nan yon desizyon ayè madi a, tribunal la te pwolonje yon kanpo ke prensipal jij nan Kou Siprèm, John Roberts, te enpoze, semèn pase a. Dapre lòd tribunal la, pwal gen diskisyon sou ka sa a an Fevriye e ke limit la pwal rete toutotan jij yo nan pi gran tribinal peyi a pako pran yon desizyon.
Limit sa yo ke moun rele Tit 42, gen rapò ak yon lwa sou sante piblik ki te pase an 1944 ke ansyen Prezidan Donald Trump te rale pou sèvi ak li lè pandemi an te tanmen. Nan kad restriksyon sa yo, otorite yo mete deyò 2 milyon 500 mil moun ki t ap chache azil, e yo te repouse pifò moun ki te mande azil sou fwontyè a, sou baz pou anpeche Covid-19 gaye nan peyi a.