Accessibility links

Breaking News

Etazini : Kou Siprèm nan Kenbe Anplas Tit 42 pou Konnye a


Members of the Texas National Guard stand guard on the banks of the Rio Bravo river, the border between the U.S. and Mexico
Members of the Texas National Guard stand guard on the banks of the Rio Bravo river, the border between the U.S. and Mexico

Kou Siprèm nan kenbe anvigè pou konnye a Tit 42—yon desizyon ki aneyanti espwa defansè ou avoka imigrasyon yo ki te prevwa pou semèn nan sispansyon limit Tit 42 a pou migran yo.

Nan desizyon sa a ki soti madi 27 desanm 2022 a , Kou Siprèm nan pwolonje yon sispansyon tanporè Prezidan Kou a, John Roberts, te pran semèn ki sot pase la a.

Dapre òdonans sa a, kesyon sa a ap retounen sou tapi a nan Kou Siprèm nan an fevriye 2023 e sispansyon an ap rete anplas jiskaske jij yo tranche sou kesyon an.

Otorite yo te mete limit sa yo sou pye pandan administrasyon ansyen prezidan Donald Trump nan kòmansman pandemi kowonaviris la. Avèk restriksyon sa yo, responsab gouvènman ameriken an te rive ekspilse 2 milyon 500 mil etranje ki t ap chèche jwen azil Ozetazini. Yo te bloke moun sa yo sou fwontyè a nan entansyon pou anpeche pwopagasyon maladi Kovid-19 la nan peyi a. Restriksyon sa yo, yo rele yo souvan Tit 42 pa rapò ak yon lwa sante puiblik ki te parèt an 1944.

« Nou desi anpil pou tout moun k ap mande ak dezespwa azil e ki ap kontinye soufri akoz Tit 42 a, men n ap kontinye lite pou mete fen nan politik sa a « , deklarasyon Lee Gelernt, yon avoka Sendika Libète Sivil Ameriken ki te plede an favè sispansyon Tit 42 a

XS
SM
MD
LG