Accessibility links

Breaking News

Oland: Mark Rutte Prezante Ekskiz Poutèt Oland te Enplike nan Esklavaj nan Ansyen Koloni li yo

Beatrix of the Netherlands, King Willem-Alexander of the Netherlands, Queen Maxima of the Netherlands, Queen Silvia of Sweden, Carl XVI Gustaf, King of Sweden and Queen Margrethe II of Denmark depart, after the State Funeral of Queen Elizabeth II, at West

Wa peyi Oland, Willem-Alexander, byen akeyi ekskiz ke gouvènman li a fè pou wòl peyi Oland te jwe nan 250 lane esklavaj. Li pale konsa dimanch la, e li fè konnen ekskiz sa a se « koumansman yon gran vwayaj. »

Premye-minis Mark Rutte prezante ekskiz ofisyèlman lendi a poutèt Oland te enplike nan esklavaj nan ansyen koloni li yo, e li rele sa yon « krim kont limanite. »

« Pèsonn jounen jodia pa pran responsablite pou zak inimen yo ki te tonbe sou lavi gason, fanm ak timoun pou fè yo soufri, » wa Willem-Alexander te pale konsa nan palè Huis ten Bosch nan LaHè.

Li di, « Lè nou rekonèt krim nou te komèt kont limanite nan esklavaj la, nou poze baz yon avni ke nou pataje, kote nou kanpe kont tout fòm diskriminasyon nan tan modèn nan, tout eksplwatasyon ak enjistis. »

XS
SM
MD
LG