Accessibility links

Breaking News

Chofè Uber yo te Pwoteste Devan Biwo Konpayi a nan Manhattan


UBer new york Strike
UBer new york Strike

Yo te fè objeksyon kont desizyon konpani Uber te pran devan lajistis Vil Nouyòk la pou li ogmante pousantaj kob li pran sou lajan chofè taxi uber yo touche nan men kliyan yo

sendika chofè taksi yo di yo pa dako ak lidè sa e yo te chwazi bòykote App Uber a pou 24 èdtan.

Ibrahim Gory se youn nan chofè yo ki tap pwoteste yo:

"Uber, nou isit la devan biwo w la pou nou fèw konnen ke nou vin la pou nou jwenn sa nou bezwen e sa nou merite a. Sa fè wont Uber."

Mwa pase a, asosyasyon chofè Taksi ak Limouzin nan vil la te vote pou yo ogmante pri kous yo pou premye fwa depi 10 zan.

Men, vandredi (16 desanm), konpany Uber a te ale devan lajistis New York la poul te diskite ogmantasyon pri kous yo ki ka afekte endistri a tout antye ansanm ak pasaje yo.

Konpayi Uber an te mande pito pou yon "sichaj tanporè" pou konbat pri gaz la. Nap presize ke nan lakou New York genyen anpil Ayisyen gason kou fanm ki kondwi taxi avèk Uber.

XS
SM
MD
LG