Accessibility links

Breaking News

Ajantin Ranpòte Mondyal 2022 a


Argentina's Lionel Messi holds the winners trophy as he celebrates with fans after Argentina won the World Cup final soccer match against France at the Lusail Stadium in Lusail, Qatar, Dec. 18, 2022.
Argentina's Lionel Messi holds the winners trophy as he celebrates with fans after Argentina won the World Cup final soccer match against France at the Lusail Stadium in Lusail, Qatar, Dec. 18, 2022.

Ajantin ranpòte pou yon 3èm fwa koupdimond Foutbòl FIFA a apre l kale Lafrans 4-2 nan penalite apre pwolongasyon an te fini 3-3. Se yon rankont ki te chaje ak emosyon Ajanten yo make 2 gòl nan premye mitan an.

Franse yo agalize nan 2èm mitan an gras ak 2 gòl Kylian M’Bappé pou yo match la an pwolongasyon. Ak trofe sa a Leo Messi ranpòte dènye tit ki gen lontan depi li t ap fè l filalang apre 5 tentativ. Dènye fwa yon peyi Amerikdisid te ranpòte koupdimond foutbòl FIFA se te Brezil ann 2002.

Lòt 2 koupdimond Ajantin te ranpòte yo se an 1978 e 1986. Franse Kylian M’Bappé make 8 gòl pou l ranpòte soulye dò a. Ajanten Leo Messi make 7 gòl pou l resevwa tit meyè jwè.

Prezidan franse a Emmanuel Macron te asiste defèt Lafrans la.

XS
SM
MD
LG