Tuerk kritike dosye dwa moun nan Nikaragwa, kote li di klima kraze-zo ogmante depi dènye fwa konsèy-la te gade rapò sou sityasyon dwa moun nan peyi-a.
Tuerk fè konnen dè douzèn moun ki kritike gouvènman-an fèmen nan prizon depi mwa Septanm daprezavwa yo te eksprime opinion-yo. Li di kondisyon prizon-yo danjere.