Accessibility links

Breaking News

LaRisi Di Etazini Si li Ekspedye Misil Defans Aeryen Patriyòt Bay Ikrèn Lap Pran sa Kòm yon Pwovokasyon ki ka Pouse l Reponn


Indonesia G20
Indonesia G20

Ministè Afè Etranjè LaRisi avèti Etazini, ayè jedi a, ke si li ekspedye misil defans aeryen sofistike Patriyòt bay Ikrèn, Moskou ap konsidere sa kòm yon pwovokasyon ki ka pouse Kremlen an reponn.

Pòtpawòl ministè a Maria Zakharova di deplwaman misil Patriyòt pou konbat frap aeryen LaRisi yo ta moutre ke Etazini ap jwe yon pi gwo wòl nan konfli a pou fè l tounen yon pi gwo gè, nan jan l ap ede gouvènman Kyèv la lite

kont envazyon LaRisi a ki la depi 10 mwa, e li di sa “ka gen konsekans”.

Li pa bay detay sou posib repons Moskou a, men li di ke Etazini ta dwe “tire bon konklizyon yo” nan avètisman LaRisi a. Li di ke nan voye zam bay Ikrèn, Etazini deja tounen tout bon youn nan pati k ap goumen yo.

Otorite ameriken yo di ayè jedi yo pwal ogmante antrènman militè pou fòs Ikrèn yo pandan sezon ivè a nan Grafenwoehr ann Almay.

XS
SM
MD
LG