Accessibility links

Breaking News

ONU: Yon Òganizasyon Fanm Mete Iran Deyò Poutèt Koukou-Wouj li Lage Dèyè Manifestan Yo


Protest against the Islamic regime of Iran following the death of Mahsa Amini, in Istanbul
Protest against the Islamic regime of Iran following the death of Mahsa Amini, in Istanbul

Yon òganizasyon fanm nan l-ONU vote mèkredi pou mete Iran deyò ladann poutèt koukou-wouj li lage dèyè manifestan pasifik e pou politik kraze-zo ak diskriminasyon li kont fanm ak tifi.

« Mahsa Amini te vle fini etid li. Li te vle fonde yon fanmi. Li te vle gen yon lavi nòmal, yon lavi kè-kontan. Men kounyea li se yon mati, » se anbasadè Etazini nan l-ONU Linda Thomas-Greenfield ki te pale konsa sou dam 22 lane nan peyi Iran ki te jwenn arestasyon li ak lanmò anba men lapolis moralite peyi a nan mitan mwa Septanm pase, sa ki te deklannche manifestasyon depi dè mwa.

Nan yon vòt 29 vwa pou ak 16 vwa manm ki pa vote, Konsèy Ekonomik ak Sosyal la ki gen 54 manm te fè yon bagay ke li pa te janm fè anvan, lè li wete Iran imedyatman pou rès manda Komisyon sou Estati Fanm nan, ki ap bout an 2026. Komisyon an reyini pou 2 semèn chak mwa Mas pou pale sou kesyon ankadreman fanm ak egalite ant fanm ak gason.

XS
SM
MD
LG