Accessibility links

Breaking News

Mondyal: Lafrans Kalifye Pou Final Apre Viktwa l sou Mawòk 2-0


FIFA World Cup Qatar 2022 - Semi Final - France v Morocco
FIFA World Cup Qatar 2022 - Semi Final - France v Morocco

Dimanch 18 desanm kap vini l a, final Mondyal Qatar la ap mete fas pou fas Lafrans ak Ajantin. Yo tou lè 2 deja ranpòte konpetisyon 2 fwa.

Ekip fransèz la ki te ranpòte Mondyal FIFA 2018 la nan peyi Larisi kalifye pou katriyèm final mondyal li (dezyèm li youn dèyè lòt) apre li te bat ekip Mawòk la 2 a 0 jodi Mèkredi a nan al-Khor .

Onz fransè a kapab tounen premye ekip ki ranpòte tit la 2 fwa afile depi Brezil te fè l nan ane 1962.

Matach sa te jwe nan yon atmosfè ki te trè ostil anba zye prezidan Prezidan fransè a Emmanuel Macron.

« Bleu » yo te soufri kont yon ekip Maròk la ki te trè ofanziv e ki menase anpil ekip advès la malgre fransè te ouvè skò depi nan 5yèm minit jwèt la .

Mawòk se premye ekip Afriken ki rive nan semi final yon Mondyal.

L ap gen pou l jwe match pou 3èm plas la kont Kwoasi samdi k ap vini la a, lavèy final la .

Théo Hernandez te fè premye gòl la nan 5yèm minit la epi ranplasan l i a , Randal Kolo Muani make dezyèm gòl la nan 79yèm minit apre yon bèl pase siyen Kilyan Mbappé.

XS
SM
MD
LG