Accessibility links

Breaking News

Somè Etazini-Afrik: Diskisyon sou Chanjman klima


US-AFRICA-DIPLOMACY-SUMMIT
US-AFRICA-DIPLOMACY-SUMMIT

Somè Etazini-Afrik la tanmen ayè madi a nan kapital Etazini an ak yon kalandriye konplè. Pami sijè ki sou tab la gen diskisyon sou jan pou peyi yo adapte ak chanjman klima a, tranzisyon nan sistèm enèji yo, sekirite ak gouvènans.

Se yon woumble espesyal ki abode kesyon jèn afriken yo ak wòl yo nan diaspora a.

Prezidan Joe Biden te envite plis pase 50 lidè – soti nan prezidan ak premye-minis pou rive nan minis afè etranjè ak lidè Inyon Afriken an – e yo te rive Washington nan koumansman semèn nan. Vis-prezidan Etazini Kmala Harris te ouvè somè a ak patisipasyon li nan rasanbleman jèn lidè yo nan diaspora afriken an.

Apre sa, Sekretè Deta ameriken Anthony Blinken te ansanm ak Sekretè Defans Lloy Austin e ak Samantha Power ki nan Ajans Etazini pou Devlopman Entènasyonal,

e yo te fè chita-pale ak prezidan peyi Nijè, Mozanbik ak Somali.

XS
SM
MD
LG