Accessibility links

Breaking News

Joe Biden Resevwa Plizyè Douzèn Lidè Afriken nan Washington DC


US Africa Summit Angola
US Africa Summit Angola

Prezidan Joe biden ak administrasyon li a ap resevwa plizyè douzèn lidè afriken nan Washington DC, semèn sa a, pandan Etazini ap chache atire konfyans peyi Afriken yo, nan moman kote anpil peyi sou kontinan an fristre devan angajman Etazini.

Nan preparasyon pou 3 jou Somè Etazini ak Lidè Afriken yo ki tanmen jodia, dirijan yo nan administrasyon Biden nan rejte kè-sote k ap ogmante sou kesyon enfliyans LaChin ak LaRisi ann Afrik, kote plis pase 1 milya 300 milyon moun ap viv.

Olye de sa, dirijan yo nan administrasyon an te chache konsantre sou efò yo pou amelyore koperasyon ak lidè afriken yo.

Yo te moutre sa nan yon reyinyon sou koperasyon nan domèn sekirite ant Sekretè Deta Ameriken Anthony Blinken ak Sekretè Defans Lloyd Austin nan chita-pale ak Prezidan peyi Nijè, Mohamed Bazoum, Prezidan Djibouti Ismail Omar Guelleh, ak Prezidan Somali Hassan Sheikh Mohamud.

“Nou senpman vle pwofite maten an pou n kontinye bati sou relasyon sere ke nou genyen, sitou nan koperasyon pou sekirite ak lòt priyorite ke nou pataje, pami yo nan klima, sante, edikasyon ak sekirite alimantè,” se konsa Sekretè Deta Anthony Blinken te pale nan reyinyon an.

Sekretè Defans Austin di :

“Nou apresye anpil travay nou kòm lidè ak zanmitay nou e n ap travay pou kontinye bati sou tèt-kole enpòtan sa a. »

Somè sa a se pi gwo woumble entènasyonal ki fèt nan Washington depi anvan pandemi Covid-19 la te tanmen, e chita-koze yo ka santre sou kowonaviris, chanjman klima, efè envazyon LaRisi nan Ikrèn nan sou Afrik, e yo ka santre tou sou komès, elatriye. Sa se dapre dirija -yo nan Mezon Blanch.

XS
SM
MD
LG