Accessibility links

Breaking News

FBI arete yon ajan sèvis ransèyman nan peyi Libi yo Sispèk Ki Te Sote Yon Avyon Djèt Ameriken


Abu Agila Mohammad Mas'ud Kheir Al-Marimi sits behind bars during a hearing at a courtroom in Tripoli
Abu Agila Mohammad Mas'ud Kheir Al-Marimi sits behind bars during a hearing at a courtroom in Tripoli

FBI arete yon ajan sèvis ransèyman nan peyi Libi ke otorite yo sispèk kòmkwa li te fabrike bonm te sote yon avyon djèt pasaje ameriken sou Lockerbie ann Ekòs an 1988.

FBI arete l e ap ekstrade l bay Etazini pou l ale nan jijman, dapre sa otorite yo anonse ayè dimanch la.

Arestasyon Abu Agela Mas’ud Kheir Al-Marimi fèt apre yon efò Depatman Jistis depi dè dizèn lane pou jije l. Sa gen 2 lane, Minis Jistis nan epòk la William Barr te anonse akizasyon kriminèl kont Mas’ud, poutèt li ta babrike bonm ki te desann Vòl Pan Am 103, kote 259 moun ki te abò djèt la te pèdi lavi yo, pami yo 190 Ameriken, ansanm ak 11 lòt moun ki te atè.

Avyon-an te eksploze 21 Desanm 1988, sou yon ti bouk nan Ekòs 38 minit apre li te kite Lond ann Angletè pou ale New York e se atak ki fè plis san koule nan teritwa Grand

Bretay. Pako gen detay sou jan otorite yo te fè arestasyon an.

XS
SM
MD
LG