Accessibility links

Breaking News

Etazini Mete Anba Kòd yon Libyen ki Enplike nan Atak ak Bonm Lockerbie a


Foto Achiv: Yon polisye mache bo kote avyon Pan Am vol 103 ki tonbe sou vil Lockerbie, peyi Ekos, 21 Desanm 1988.
Foto Achiv: Yon polisye mache bo kote avyon Pan Am vol 103 ki tonbe sou vil Lockerbie, peyi Ekos, 21 Desanm 1988.

Depatman Jistis Etazini fe konnen yon responsab ransèyman Libyen ke yo akize kòm kwa se limenm ki te fè bonm ki te desann vòl 103 avyon Pan Am nan sou Lockerbie, Ekòs an 1988, epitou de yon zak teworism entènasyonal anba kòd otorite Ameriken yo kounyea e li pral fè fas ak akizasyon federal nan Washington.

Arestasyon Abu Agela Masud Kheir Al-Marimi se yon gwo kokenn chen akonplisman nan kad yon ankèt ki dire plizyè zane kote yo tap fouye zo nan kalalou pou detèmine kiyès ki responsab pou atak ayeryen ki te lakoz 259 moun te pèdi lavi yo nan avyon an epi 11 lòt moun lè avyon an te tonbe atè a.

Nan mwad Desanm 2020, otorite Ameriken yo te anonse ofisyèlman akizasyon kont Masud, ki te fèmen nan prizon nan Libi nan epòk la.

Masud se twazyèm responsab ransèyman Libyen Lèzetazini akize an koneksyon ak ka sa a. Li ta premye sispèk ki janm konparèt devan yon tribinal federal Ameriken.

XS
SM
MD
LG