Accessibility links

Breaking News

Aktris Kirstie Alley Mouri


Foto Achiv: Kirstie Alley asiste premye "Girls" nan Nouyok, 5 Janvye, 2015.
Foto Achiv: Kirstie Alley asiste premye "Girls" nan Nouyok, 5 Janvye, 2015.

Kirstie Alley, yon loreya pri grammy pou ekselans nan televizyon ki te jwe nan seri televize "Cheers" ki te popilè anpil nan ane 80 yo epi nan film "Look Who's Talking" mouri. Li te gen 71 zan.

Se pitit li yo ki anonse lanmo li Lendi sou rezo sosyal yo. Manadje li konfime nouvèl la. Mesaj timoun yo ti manman yo mouri ak yon kansè li te fèk sot dekouvri li genyen.

Alley te jwe wol Rebecca Howe nan seri televize "Cheers" ant 1987 ak 1993 apre depa aktris prensipal orijinal la, Shelley Long.

Moun te konnen li tou pou travay li sou pwop seri televize pa li "Veronica's Closet" ki te pase ant 1997 ak 2000.

John Travolta ki te jwe ak Alley nan 2 film "Look Who's Talking" yo te pami vedèt ki te rann omaj ak li piblikman apre nouvèl lamo li te pibliye.

XS
SM
MD
LG