Accessibility links

Breaking News

Christine McVie, Chantez Fleetwood Mac Mouri


Foto Achiv: Chantez premye vwa gwoup Fleetwood Mac, Christine McVie.

Christine McVie, chantez Britanik ki te chante premye vwa nan pi gran hit gwoup Fleetwood Mac la mouri a laj de 79 an.

Gwoup la anonse lanmò li sou rezo sosyal yo Mèkredi.

Foto Achiv: Manm gwoup Fleetwood Mac yo (goch a dwat) Mike Campbell, John McVie, Stevie Nicks, Christine McVie, ak Mick Fleetwood nan Nouyok, 29 Mas, 2019.
Foto Achiv: Manm gwoup Fleetwood Mac yo (goch a dwat) Mike Campbell, John McVie, Stevie Nicks, Christine McVie, ak Mick Fleetwood nan Nouyok, 29 Mas, 2019.

Mesaj la di: " Nou pa gen pawòl pou dekri tristès nou fas ak lanmò Christine McVie."

Li kontinye pou di: "Li te vreman yon moun san parèy, chaje ak talan. Li te pi bon mizisyèn yon moun te ka genyen nan djaz yo e pi bon zanmi nou te janm ka genyen nan lavi."

XS
SM
MD
LG