Accessibility links

Breaking News

Iran-Etazini Pral Woule Balon Pandan Gwo Tansyon Politik Egziste Ant 2 Peyi yo


Foto Achiv: Yon fanatik Iran ak yon fanatik Etazini anvan match 2 seleksyon nasyonal yo nan Mondyal Foutbol la 21Jyen 1998.
Foto Achiv: Yon fanatik Iran ak yon fanatik Etazini anvan match 2 seleksyon nasyonal yo nan Mondyal Foutbol la 21Jyen 1998.

Denye fwa Etazini te jwe kont Iran sete an 1998, sa gen 24 an desa. Sete youn pami match foutbòl ki te pi chaje ak tansyon politik nan listwa.

Fwa sa a, 2 seleksyon nasyonal yo ap pare pou twoke konn yo nan moman relasyon ant Etazini ak Iran deteryore pi plis.

An Iran, moun pran lari toupatou pou pwoteste kont move tretman fanm yo. Pandansetan lap etann pwogram nikleyè li yo epi lanse atak rejyonal ak entènasyonal. Tout koze sa yo jete yon lombraj sou match foutbòl ki pral jwe nan peyi Qatar jodia a 2 zè.

XS
SM
MD
LG