Accessibility links

Breaking News

Harris Repete Angajman Etazini Vizavi Filipin


Vis Prezidan Etazini Kamala Harris vizite yon vilaj ki rele Tagburos nan Palawan, Filipin, 22 Nov. 2022.
Vis Prezidan Etazini Kamala Harris vizite yon vilaj ki rele Tagburos nan Palawan, Filipin, 22 Nov. 2022.

Vis-prezidan Etazini Kamala Harris repete ayè lendi a angajman Etazini vizavi Filipin, youn alye pi ansyen Washington genyen nan rejyon-an kote LaChin ap laji enfliyans diplomatik ak ekonomik li.

« Nou kanpe ak ou pou defann regleman entènasyonal yo pou sa ki konsène Lanmè Sid LaChin, » se pawòl Harris nan reyinyon li ak prezidan Filipin Ferdinand Marcos Jr nan kapital la Maniy ayè lendi a. Li kontinye pou di : « Yon atak ame sou Fòs Ame Filipin yo, sou bato, avyon oubyen elikoptè leta, ta konsène defans pou 2 peyi yo len defann lòt. »

Harris t ap pale nan kad Trete Defans Komen 1951 an, ant Etazini ak peyi yo nan rejyon an, pami yo Filipin ak Tayland, ki pale de prensip defans kolektif anba atak.

Vwayaj li nan Filipin, semèn sa a, antre nan kad aktivite administrasyon Biden nan ki ap koutize yon patnè estratejik ki ap vin pi enpòtan pandan tansyon ap moute ant Etazini ak LaChin sou kesyon Taiwann.

XS
SM
MD
LG