Se pa bann e pa pakèt sinefil yo t'al we film yo tap tann depi lontan an: "Black Panther: Wakanda Forever".
Film nan ke konpayi Marvel pwodwi antre $180 milyon Ozetazini ak Kanada dapre sa konpayi Walt Disney rapòte Dimanch. Savledi li se film ki antre plis lajan premye semèn li soti apre "Doctor Strange in the Multiverse of Madness."
Lòt bò dlo, film nan antre yon lòt $150 milyon. Kidonk total li antre se $330 milyon.
An dezyem plas wiken sa a nou jwenn "Black Dam" ki antre $8,6 milyon.
Epi "Ticket to Paradise" ki gen kòm vedet George Clooney ak Julia Roberts, antre $6,1 milyon.