Accessibility links

Breaking News

Larisi Voye Brittney Griner nan Koloni Penal pou Sèvi Santans li


Russia Griner
Russia Griner

MOSCOU (AP) — Avoka jwèz baskèt Ameriken an Brittney Griner di Larisi te voye l nan yon prizon spesyal pou l sèvi kondanasyon li te jwenn pou posesyon dwòg la.

Yon tribinal Ris te rejte yon apèl avoka li te prezante kont santans 9 ane a mwa pase a.

Lapolis te di ke yo te jwenn dwòg nan malèt li.

Arestasyon Griner te rive nan yon moman kote gen gwo tansyon ant Washington ak Moskou.

Politikman gen demach ki ap fèt pou wè si yo te ka twoke Griner pou yon prizonye Ris Etazini kenbe.

Lamezonblanch di Etazini fè "yon òf enpòtan" pou rezoud ka sa a men "Ris yo pa montre bòn volonte nan negosyasyon yo."

XS
SM
MD
LG