Accessibility links

Breaking News

Lapolis di Nèg ki Atake Mari Pelosi te Vle Kidnape Madanm ni


Foto Achiv: Lide Lachanm Nancy Pelosi (Demokrat Kalifoni) ak mari li, Paul Pelosi nan yon dine d'one Depatman d Eta a, 7 Dec. 2019.
Foto Achiv: Lide Lachanm Nancy Pelosi (Demokrat Kalifoni) ak mari li, Paul Pelosi nan yon dine d'one Depatman d Eta a, 7 Dec. 2019.

Nèg lajistis Ameriken akize dèske li te atake Paul Pelosi, mari lidè Lachanm dè Reprezantan Etazini Nancy Pelosi, di lapolis li te vle kenbe mamzèl an otaj epi "kase jenou li".

David DePape ap fè fas ak 2 chèf d'akizasyon pou krim federal.

Lapolis di DePape fòse antre nan kay Pelosi nan vil San Francisco, epi li bat Misye Pelosi, 82 zan ak kout mato nan tèt li. Pelosi blese grav nan atak la.

Anons sou akizasyon krim federal yo fèt Lendi nan moman komisè gouvènman San Francisco a te pare pou anonse akizasyon nan nivo eta a tou kont DePape.

Yo te arete misye Vandredi kòm sispèk nan yon tantativ asasina, abi kont yon granmoun epi yo akize'l dèske fòse antre nan kay la pou komèt piyaj.

XS
SM
MD
LG