Accessibility links

Breaking News

Ravèt Gate Fèt Halloween Pou Timoun nan yon Banlye Detroit


Foto Achiv: Greyson Martin, 3 zan, degize pou Halloween. Li pral fe trick or treat (mande bonbon kay moun) ak paran li Rachelle ak Patrick Martin.
Foto Achiv: Greyson Martin, 3 zan, degize pou Halloween. Li pral fe trick or treat (mande bonbon kay moun) ak paran li Rachelle ak Patrick Martin.

Jodia Ameriken ap fete Halloween. Sepandan, Timoun yo paka al mande bonbon lakay moun nan yon banlye Detroit nan eta Michigan. Poukisa? Eben sa gen pou wè ak ravèt.

Responsab katye Wyandotte di katye a enfeste ak ravèt. Gen yon moun ki tap ranmase fatra bò kote yon kay ki vid ki wè yo epi rele otorite yo.

Sak pi rèd la se ke ravèt sa yo komanse al anvayi kay lot moun. Otorite yo fèmen twotwa yo Lendi swa pou anpeche timoun yo ale nan zon nan.

Enjenyè vil la Greg Mayhew di entèdiksyon Halloween nan pral anpeche ravèt yo migre pi plis.

Otorite yo di yo pa vle pou ravèt yo al kole kò yo sou degizman timoun yo.

Enjenyè a di banlye a ap eseye touye ravèt yo men sa pral pran kèk tan.

XS
SM
MD
LG