Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Ansyen Prizonye Ki Te Anba Men Fòs Ris Pale Sou "Move Tretman" Yo Te Resevwa


Relatives of Ukrainian citizens, who were exchanged during a prisoner swap, surround an aircraft during a welcoming ceremony at Boryspil International Airport, outside Kyiv, Ukraine, Dec. 29, 2019.
Relatives of Ukrainian citizens, who were exchanged during a prisoner swap, surround an aircraft during a welcoming ceremony at Boryspil International Airport, outside Kyiv, Ukraine, Dec. 29, 2019.

Plizyè ansyen prizonye Ikrenyen ki te nan men Larisi yo rakonte "kondisyon ki pa imen yo tap viv". Kèk jou apre yo te lage nan yon boukantay otorite Ikrèn yo te fè ak Larisi.

Madam Obidina 26 zan se yon enfimyè militè ki te pase 5 mwa nan prizon, nan move kondisyon kote posibilite pou byen manje ak pran swen ijènik yo te difisil e "degoutan".

Dapre temwayaj Madam Obidina prizonye pa janm gen opòtinite pou yo menm soti fè yon ti mache - te fèt "trè raman". Li di "Yo te mete nou pil sou pil nan selil tankou sadin".

Tetiana Vassyltchenko, yon sivil ki te ede lame Ikrenyen a nan domèn paramedikal, te pale de "presyon sikolojik la" ak kondisyon "imanitè" ki genyen pandan li te nan prizon pandan plizyè semèn. Li fè konnen "Yo trete nou tankou kriminèl, yo te imilye nou". Prizonye yo deplore absans èd medikal tou.

XS
SM
MD
LG