Accessibility links

Breaking News

Lame Ris la di Gen Gwo 'Tansyon' Pou Twoup li yo nan Ikrèn


Russia Ukraine
Russia Ukraine

Jeneral Sergei Surovikin, kòmandan twoup Ris nan Ikrèn, remake ke "gen gwo tansyon" pou lame Ris la nan Kherson.

Nan menm videyo a, Surovikin deklare ke sitiyasyon an "pa senp" alantou Kherson ki sitiye nan (sid peyi a) e ke " nou pa ka pa pale de desizyon ki difisil yo" men li di ke lame Ris la pral asire "sekirite sivil yo" nan rejyon an.

Lidè ke Moskou enstale nan rejyon Kherson, Vladimir Saldo, ki te bò kote Surovikin te anonse yon ti kras pi bonè evakyasyon popilasyon nan plizyè lokalite nan rejyon li yo, yon fason pou ede lame a etabli yon liy defans.

Konstriksyon liy defans ris yo etabli nan rejyon sa se pou fè fas ak "kont-ofansif ke fòs Ikrenyen yo" ap prepare.

XS
SM
MD
LG