Accessibility links

Breaking News

Iran: 40 Òganizasyon Dwa Moun Mande Konsèy LONU Reyini Ann Ijans Pou Diskite Sou Sitiyasyon Peyi a


Italy Iran Protest
Italy Iran Protest

Plis pase 40 òganizasyon dwa moun mande Konsèy Dwa Moun Nasyon Zini an reyini ann ijans pou diskite sou koukou-wouj gouvènman Iran an dèyè manifestan.

Deklarasyon an ki parèt madi eksprime enkyetid akoz fason brital Repiblik Islamik la ap kraze manifestasyon ki ap fèt nan peyi a apre Masha Amini ki te gen 22 lane, te mouri, mwa pase a, anba men lapolis moralite nan Teheran poutèt li pa te kouvri cheve li kòmsadwa ak yon vwal hijab.

An menm tan, atlèt fanm Elnaz Rekabi ki se moun Iran pa byen konnen ki sa ki ap tann li apre li te patisipe nan yon konpetisyon entènasyonal grenpe wòch nan Kore di Sid ak yon très cheve pann dèyè tèt li olye li te kouvri tèt li kòmsadwa ak yon hijab jan gouvènman peyi li ekzije.

XS
SM
MD
LG