Accessibility links

Breaking News

Zaporizhia: Moun Mouri Apre Larisi Bombade Vil la


La vida en medio de la guerra para los residentes de Zaporizhia, Ucrania 066A2266
La vida en medio de la guerra para los residentes de Zaporizhia, Ucrania 066A2266

Daprè gouvènè rejyonal la, ponpye yo ap travay pou etenn dife ki soti nan yon nan yon bilding ki gen moso metal ki detache ladann e ki soti tombe apre atak sa ke Larisi lanse kont vil Zaporizhia nan peyi Ikrèn.

Atak fann fwa sa yo kraze plizyè bilding ki wo anpil nan vil la epi te gen yon timoun ki te blese.

Otorite lokal yo te di ke omwen yon moun te mouri e 7 lòt blese kòm rezilta bonbadman sou vil Zaporizhia nan sidès Ikrèn.

Zaporizhia, ki toujou sou kontwòl Ikrenyen yo, sitiye nan rejyon ki gen menm non an, ke Moskou anekse malgre li pa gen kontwòl konplè sou tout rejyon .

Vil sa sitye anviwon 60 kilomèt ak santral nikleyè Zaporijjia, ke militè ris yo okipe depi kòmansman mwa Mas la.

XS
SM
MD
LG