Accessibility links

Breaking News

Thailand: Yon Ex-Polisye Touye Omwen 37 Moun Nan Yon Lekòl


Thailand Childcare Center Shooting
Thailand Childcare Center Shooting

Apeprè 37 moun pèdi lavi yo nan yon fiziyad yon ansyen polisye fè nan yon gadri timoun nan peyi Thailand Jedi (6 oktòb).

Dapre otorite yo, ex-polisye a te itilize zam ak kouto pou li teatake yon gadri. Ansyen polisye a te touye madanm li ak pitit li anvan li te touye pwòp tèt pa li.

Apre atak sa a, otorite yo te mete jandam devan gadri a, e yo te itilize dra pou kouvri sa ki te sanble ak kadav moun ki te viktim nan etablisman an nan vil Uthai Sawan, ki sitye a 500 km (310 mil) nan nò Bangkok.

Nouvo rapò Lapolis Royal Thai rapòte ke 37 moun mouri nan atak la, pami yo gen 23 timoun, epi gen 12 moun ki blese.

Ansyen polisye a ki gen 34 an te ame jis nan dan. Li te genyen yon fizi, yon pistolè ak yon kouto. Li simaye katouch ak kout kouto nan gadri a nan anviwon 12:30 p.m. lè lokal (0630 GMT) dapre sa kolonèl Jakkapat Vijitraithaya te di lapres.

Apre sa, li te pran machin ni epi kouri kite sen nan. Misye te touye madanm li ak pitit gason l, epi apre sa li te touye tèt li.

XS
SM
MD
LG