Accessibility links

Breaking News

Iran: Pwotestasyon kont Gouvènman an Apre Lanmò Mahsa Amini


Demonstrators light a fire during a protest over the death of Mahsa Amini while in custody of Iran's "morality police," in Tehran, Sept. 21, 2022. (West Asia News Agency via Reuters)
Demonstrators light a fire during a protest over the death of Mahsa Amini while in custody of Iran's "morality police," in Tehran, Sept. 21, 2022. (West Asia News Agency via Reuters)

Vedèt pri Oscar ameriken, Marion Cotillard ak Juliette Binoche, ansanm ak lòt vedèt ekran ak mizik an Frans, te filme tèt yo ki t ap koupe branch cheve yo nan yon video ke yo poste mèkredi pou sipòte manifestan nan Iran.

Video a parèt sou Twitter nan hashtag HairFreedom, pandan Iran ap fè fas ak pwotestasyon kont gouvènman an depi lanmò Mahsa Amini ki te gen 22 lane, apre arestasyon li poutèt li ta swadizan vyole regleman estrik pou fanm abiye nan Repiblik Islamik la. Nouvèl yo fè konnen Amini ta kite yon branch cheve li parèt devan vwa li.

Yon lòt kote, Iran sot voye nouvo ranfò militè sou fwontyè wès li ki toupre Rejyon Kurdistan nan Irak, e li menase yon envazyon pa lòt bò fwontyè pou antre nan Kurdistan irakyen an kont gwoup opozisyon Kurd Iranyen yo, dapre sa yon lidè wo-plase Kurd irakyen nan Irak di LaVwadlamerik sou kondisyon pou non li pa site.

Otorite a ajoute ke apre mesaj Iran-an, Minis Enteryè Rejyon Kurdistan an rankontre ak 2 lidè gwoup Kurd Iranyen nan Iran kote li mande-yo pou wete konbatan Pershmerga-yo nan mòn-yo nan rejyon fwontyè-a pou yo pa pouse Iran antre nan Kurdistan Irakyen an.

XS
SM
MD
LG