Accessibility links

Breaking News

Jolie Detaye Abi Brad Pitt Komèt Kont li nan yon Nouvo Dokiman Legal


Foto Konbinezon: Angelina Jolie epi Brad Pitt
Foto Konbinezon: Angelina Jolie epi Brad Pitt

Yon nouvo dokiman legal aktris Angelina Jolie depoze nan tribinal lanse akizasyon pou di pandan yon vòl avyon an 2016, Brad Pitt te pran tèt li, souke li byen souke epi toufe youn nan timoun yo epi bat yon lòt timoun ki tap eseye defann li.

Deskripsyon abi sa yo abò yon vòl avyon prive fè pati yon plent Jolie fè devan yon tribinal Madi nan kad yon batay legal ant limenm ak Pitt pou kontwòl yon viyòb yo te achte ansanm.

Yon reprezantan Pitt demanti akizasyon sa a nan yon mesaj li voye bay Associated Press.

Se premye fwa akizasyon sa yo pibliye men detay yo rete prive.

FBI ak ajans pwoteksyon timoun awondisman Lòs Angeles la te mennen ankèt sou akizasyon an men yo pat jwenn okenn prèv ki ta pèmèt yo pran mezi kont Pitt.

XS
SM
MD
LG